Dans un pays où les opportunités sont rares, beaucoup de jeunes ne voient d’autre issue que l’immigration.
Mais nous vivons aujourd’hui dans un monde connecté, où le travail n’a plus de frontière. Il est désormais possible de bâtir son avenir sans quitter son pays, à condition d’avoir les bonnes compétences.
C’est pourquoi nous formerons nos élèves au développement web et a l'anglais, un métier qu’ils peuvent apprendre rapidement et exercer à distance, pour des entreprises du monde entier — sans quitter Haïti. Il leur suffit de maîtriser la langue demandée, d’avoir un ordinateur, une connexion internet… et une vraie volonté de réussir.
Pou tout paran ki pa gen plis tan, yo jis mande ChatGPT : "Kisa devlopman web lan ye egzakteman ?" epi pran pi bon chwa pou pitit ou demen. Mèsi pou tan w.
E paran ki vle gen plis detay, yo nou pral esplike nou kisa devlopman web la ye egzakteman. Nap kontinye an kreyol pou tout moun konprann byen.
Karyè sa, se selon nou pi bon chwa yon Ayisyen ka fè pou lavni li, si li gen posiblite a.
Se yon opsyon ki, selon nou, pi bon pase imigrasyon, pi bon pase inivèsite.
E si ou panse nou ap egzajere, ale verifye sou Entènèt la ou menm.
Kisa ki fè sa ?
Paske karyè sa ou ka aprann li vit — 3 a 6 mwa si w ap peye yon “bootcamp” (tale nou pral esplike w kisa sa ye).
Si w ap aprann pou kont ou, li ka varye. Gen moun ki reyisi nan 2 mwa, gen lòt ki pran plis pase 1 an.
Men si w aprann avèk seryeepiw konstan, ou pap pa rive.
Devlopman web se yon metye ki pèmèt ou travay a distans,
Ou pa oblije deplase pou jwenn bon travay.
Plis pase 70% devlopè yo ap travay depi lakay yo oswa nan yon lòt peyi pa rapo a kote antrepriz yo a ye.
Plis pase 62% antrepriz yo pare pou anboche moun a distans — e chif sa ap ogmante vit depi 2020.
Salè yo
Yo kòmanse a pati de$50,000 US pa ane si w pale anglè.
Li difisil pou yo peye w mwens ke sa — sitou si w soti nan yon bon bootcamp (ki ka koute +$7500 US).
Yon bootcamp, se on pi bon chwa ke yon inivèsite,
E nou pral esplike w poukisa nan seksyon ki vin apre a.
Yon bootcamp, se yon lekòl ke w ka enskri e aprann de yo a distans. Yo ofri yon fòmasyon entansif, pou fè w aprann vit epi jwenn travay vit.
Travay yo, se mete w sou pye pou ou ka rantre rapidman nan yon antrepriz entènasyonal. Yo pa bay teori sou teori — yo anseye w sa ou bezwen pou w antre sou mache travay la.
Nan bootcamp ki koute plis pase $8000 US yo, plis pase 80% elèv yo jwenn travay nan 3 a 6 mwa apre fòmasyon an fini.
Pi bon bootcamp yo :
- Pi bon mache pase anpil inivèsite
- Peye sèlman si w jwenn travay
- Ranbouse si w pa jwenn travay apre 6 mwa
Eske ou konn wè sa nan okenn inivèsite Ayiti ?
Gen lòt bootcamp ki pi ekonomik — yo pa garanti travay, men yo ba ou:
- Fòmasyon solid
- Sipò pèsonèl
- Preparasyon pou chache epi pase entèvyou travay
Misyon yo se pa sèlman anseye w kòman pou w “code”, men kòman pou w jwenn travay. Yo montre w:
- Kote pou chèche travay
- Kòman pou prepare dosye w
- Ki test ki fèt
- Pratike avè w pou pase entèvyou
Inivèsite anseye ou pou konnen. Bootcamp anseye ou pou travay.
Si w serye, lap difisil pou w aprann karyè sa a epi w pa jwenn travay apre 6 mwa.
Wi, lè w ap chèche pou kont ou, salè a ka pi piti nan kòmansman. Men $20,000 US pa ane, se lajan serye anpil an Ayiti.
Pa gen anpil antrepriz kap peye w ti kantite sa nan domaine sa, paske gen anpil lòt kap chache bon devlopè. Si yo peye w twò ba, yo konnen wap kite travay la vit. Se poutèt sa, si w se yon bon devlopè, ou pral touche plis kanmenm.
Se pou sa nou rekòmande bootcamp oswa aprantisaj endepandan anvan menm yon inivèsite.
Menm yon kou gratis sou YouTube an anglè, si w konstan epi pratike o mwen 7hr pa jou (5/7), ap ba ou plis garanti pase preske tout inivèsite an ayiti.
Pa panse se kou san valè, paske li gratis. Si w pa kwè, mande ChatGPT tout enfòmasyon sa yo. Yo verifyab. Ou ka sispèk — men o mwen verifye epi fè pwòp opinyon w.
Nan pwochen seksyon sa a, n ap montre w kijan lekòl la pral entegre devlopman web la nan pwogram li an, ansanm ak anglè — paske plis pase 80% travay yo fèt an anglè. Donk, li preske totalman endispansab nan travay sa.franse a pa gen reprezante 5% mache global la.goumen pou 80% an pou rive pi vit menm si li pranw 2 zan lap vo la pen.
Men kijan nap entegre devlopman web nan pwogram nou yo
A pati ane 2025–2026, nap louvri lekòl la chak weekend, pou timoun yo aprann lang anglè epi pou nou bay yo materyèl — kou videyo peyan an franse — pou yo aprann devlopman web.
Surtout pou sa yo ki deja gen yon òdinatè oswa laptop lakay yo.
Nou pral mete yon pwofesè anglè espesyal pou sa. Li pa la pou fè timoun yo pase egzamen — men pou mete yo sou bon chemen pou konprann ak pale lang lan, atravè travay an gwoup.
Nap montre yo metòd pou pratike chak jou menm lakay yo. Apre 1 a 2 an, y ap kapab pale e konprann angle ase byen pou kòmanse aprann devlopman web, kit poukont yo, kit atravè yon bootcamp.
Jodi a, gen ase materyèl GRATIS sou Entènèt pou aprann devlopman web san pwofesè — e li plis efikas si w fè sa an gwoup.
Pa panse yon kou pa bon paske li gratis. Se lè w kòmanse aprann ou ap konprann valè li. Pa jije anvan ou eseye.
Si ou panse ou pap ka aprann poukont ou, kòmanse mete ti lajan sou kote depi kounye a. Menm si sa pran 3 an, ou ka peye yon bon bootcamp, e w ap gen plis chans jwenn travay pase lòt moun ki pase 4 an ap chita sou ban inivèsite.
Malerezman, plis pase 60% moun ki ale inivèsite jodi a an Ayiti pa jwenn travay — e sa fè nou mal anpil, paske anpil ladan yo se te elèv pa nou.
Kisa n ap fè pou devlopman web lan ?
- Nou ap prepare tout timoun yo ak kou odyovizyèl — videyo an franse, pwofesyonèl, ak peye.
- N ap distribye yo gratis pou tout elèv ki vle kòmanse aprann jodi a, oswa pita.
- Kou yo ap disponib 24/7 sou telefòn — menm san òdinatè, yo kapab kòmanse gade e aprann.
- Lè yo achte yon laptop, yo ka antre lan aprantisaj pi fon — san pèdi tan.
Nou pa ap tann sistèm chanje. Nou ap chanje avni timoun yo, youn pa youn, ak metòd ki mache.
Misyon nou ?
Se mete timoun yo sou yon chemen ki pwoteje yo kont kriz peyi a,
pou yo pa oblije imigre,
pou yo pa oblije fè ti djòb ki mal peye,
epi pou yo pa gaspiye 4 an sou ban inivèsite san okenn chans reyèl pou jwenn yon travay.
Anglè + Code + Konstans — se 3 pi bon kle ki ka mete yo sou wout travay.
Aprann sou ban inivèsite depann de ou. Gen on diplòm depann de ou a finans ou.
Men jwenn travay,
Sa se pa bagay ki depann de ou sèlman. E se yon realite nou vle elèv nou yo konprann vit,
paske twòp tonbe nan pyej sa yo deja.
Nou pa la pou fè mirak. Men n ap ede yo chwazi pi bon wout.
"Peyi a ka kraze — men omwen, lekòl mwen te prepare m poum viv ladan l san soufri."